la verite ak senserite
Matye 5:37 Se pou pawòl ou wi, wi, non, non; tout sa ou ajoute se nan dyab la li soti. Jezi ap pale sou senserite ak onètete nan pawòl nou. Lè ou di “wi”, li dwe vre; lè ou di “non”, li dwe vre tou. Pa bezwen fè sèman oswa bay gwo pawòl pou moun kwè ou; yon kretyen dwe gen paròl ki klè ak solid. “Ce qu’on y ajoute vient du malin” sa vle di si w ap ajoute manti, esplikasyon konplike oswa manipilasyon, se dyab la ki dèyè sa. Temwanyaj: Nan jou ki sot pase a mwen te fè yon travay pou yon kliyan ki pat fin soti byen men lè li tounen kote m' pou mwen rezoud pwoblèm nan mwen te santi pou m dil yon bagay ki pa laverite (ba li yon manti) pou manipile li pou mwen montre li bon kè mwen, Chak fwa m' te vle ouvri bouch mwen pou m' di li Pawòl la mwen tande vwa Sent-espri a ki di m "Ki moun ki mande ou kesyon? Fè silans! M pat reziste ak li epi lè tout bagay fin pase mwen tap reflechi sou sa mwen Wè BonDye ban mwen yon gwo viktwa paske si m te itilize manti a konsyans mwen tap rep...