Vous verrez apparaître ici toutes nos dernières publications.
Pa konfòme nou ak tou sa ki nan lemonn sa a, men kite BonDye chanje nèt ale fason nou panse, konsa n’a ka konnen sa ki volonte BonDye : sa ki bon, sa ki bèl, sa ki pafè.
*Romain 12:2*
👉 Vèsè sa a ap ankouraje nou pou n pa kopye menm lavi payen yo ap viv la, panse, ak prensip lemonn lan. Olye de sa, BonDye vle transfòme nou, chanje kè nou depi andedan, atravè lespri ak panse ki renouvle. Lè sa fèt, nou vin kapab konprann volonte BonDye , e viv nan sa ki byen, ak akseptab devan Li, epi viv yon lavi ki pafè menm si pa gen moun ki pafè sou latè.